Education


FLORIDA

PREPAID COLLEGE PLAN

Èske ou enskri deja ?

Bloke pri pou inivèsite depi jodi a.
1-800-552-GRAD (4723)
Peze bouton 1

Èske w ap pare pou inivèsite lè pitit ou pare ?

Pwogram Peye Inivèsite Davans Florida a kapab ede ! Papa oswa manman pitit, granpè oswa granmè, biznis, ak lòt moun kapab bloke pri pou inivèsite nan pri yo ye jodi a - sa garanti - kèlkeswa konbyen lajan inivèsite, lòt depans, ak pri kay vin koute pi ta.

Li pa janm twò bonè pou koumanse pare pou inivèsite. Pou di vre, pifò timoun ki nan Pwogram Peye Inivèsite Davans Florida yo enskri pandan yo nan lekòl primè oswa lekòl elemantè.

Plan pou peye davans Florida a se pi gwo plan konsa ki genyen nan peyi a. Nan tout Eta a, yo deja achte plis pase 736 000 plan. Nan yon ankèt ki fèk mennen, gen yon gwo pousantaj 98 pousan patisipan ki di konsa yo ta konseye zanmi yo enskri nan plan an.

Eta Florida garanti lajan pou pwogram nan. Kididonk, li pa gen pran chans. Ou pa kapab pèdi lajan w, epi ou kapab mande pou yo remèt ou lajan w nenpòt kilè, pou nenpòt ki rezon.

Plis ou siyen bonè, se plis w ap fè ekonomi.

Plan Yo

Genyen 3 plan pou peye lajan inivèsite : yon plan pou inivèsite 4 ane, yon plan pou inivèsite kominotè 2 ane, yon plan 2 + 2 ki pou 2 ane nan inivèsite kominotè ak 2 ane nan yon pi gwo inivèsite.

Pwogram nan ofri yon plan depans lokal ou kapab chwazi achte, pou kouvri depans aktivite etidyan gen pou fè, depans sante, ak depans pou espò.

Ou kapab achte yon plan pou dòtwa tou. Plan pou dòtwa a kouvri pri pou yon chanm nan dòtwa òdinè, ki pran 2 moun, epi ki gen klimatizasyon. Li kapab sèvi pou chanm nan kèk asosyasyon jenn gason ak jenn fi ki nan inivèsite.

Fleksibilite

Ou kapab sèvi ak plan an nan nenpòt inivèsite piblik oswa inivèsite kominotè nan Florida, nan pifò inivèsite prive Florida, nan lekòl teknik ki otorize yo, epi nan pifò inivèsite ki pa nan Eta a. Si gen yon rezon ki fè pitit ou pa bezwen plan an, oswa pa sèvi avèk li, ou kapab transfere l bay yon lòt timoun oswa mande pou yo remèt ou lajan w.

Bloke pri pou inivèsite nan pri yo mande jodi a.

Li Pa Chè

Lajan inivèsite monte 126 pousan nan Florida pandan 15 ane ki fèk pase yo, epi yo kwè li pral monte 4 fwa pi wo ankò, lè tan rive pou timoun k ap fèt kounye yo ale nan inivèsite. Avèk Pwogram Peye Inivèsite Davans Florida a, ou kapab bloke pri yo menm kote yo ye a - jodi a. Sa garanti !

Pwogram nan pa chè jan ou dwe kwè a. Pi piti plan pou peye inivèsite pou 4 ane a koute sèlman 8 241 $, si w peye tout lajan an yon sèl kou, oswa sèlman 64 $ chak mwa. Pi piti plan pou peye inivèsite kominotè pou 2 ane an se sèlman 17 $ chak mwa.

Kantite lajan ou pral peye a depann ki kalite plan ou chwazi, epi ki laj pitit ou a genyen. Pou konnen konbyen plan yo koute kounye a, telefone 1-800-552-GRAD (4723) epi peze bouton 1.

Senplisite

Pwogram Peye Inivèsite Davans Florida a fè li fasil pou sere lajan pou inivèsite. Ou kapab peye tout lajan an yon sèl kou, oswa peye yon lajan chak mwa ki p ap janm monte pi wo.

Si w deside peye chak mwa, w ap resevwa yon tiliv ki gen koupon, oswa ou kapab fè yo retire lajan an pou ou chak mwa nan kanè labank pou chèk oswa pou ekonomi w. Pwogram sa a pèmèt fè dediksyon nan lajan travay anplwaye tou.

Lajan pou inivèsite, se yon envestisman nan pitit ou ak nan avni li.

Sa garanti

Eta Florida garanti lajan pou Pwogram Peye Inivèsite Davans Florida a (Florida Prepaid College Program). Sa vle di, ou pa janm genyen pou w pè pèdi lajan w.

Pwogram nan prèske travay menm jan ak yon fon pou retrèt. Pifò nan aktif yo envesti nan bon, epi rès la envesti nan aksyon nan peyi a ki gen anpil valè. Konsèy Administrasyon pou Peye Inivèsite Davans Florida a veye tout sa k ap pase ak envestisman yo.

Menm si pwogram envestisman yo konsèvatè, sa ki vle di yo pa pran chans, dapre estanda endistri a, yo bay anpil rannman. Depi lè pwogram nan te koumanse, pou rive kounye a, mwayenn rannman sou envestiman li se 10 pousan. Total aktif yo vo 3.9 milya dola kounye a.

Pwogram nan mache opa avèk vitès pri pou inivèsite yo ap monte. Kididonk, ou pa bezwen pè kisa ki pral rive nan mache aksyon an, oswa si w genyen lajan nan ekonomi w. Plan ou achte jodi a pral kouvri depans inivèsite, lè pitit ou pare - sa garanti !

Kesyon ak Repon

Back to Main Page