Social
Security / Sekirite Sosyal
Travayè Etranje ak Nimewo
Sekirite Sosyal
Èske ou ap travay nan Etazini
pou yon bout tan?
Si ou ap travay pou yon bout
tan, patwon ou la pral mande ou nimewo Sekirite Sosyal ou. Yo sèvi
ak nimewo Sekirite Sosyal yo pou repòte ba gouvènman an lajan ou
touche. Yo ka bay etranje ki ap travay nan Etazini Nimewo Sekirite
Sosyal.
Kisa mwen dwe fè pou mwen
travay nan Etazini?
Ou dwe pran yon dokiman
nan Depatman Sekirite nan Peyi a [Department of Homeland Security
(DHS)] [ki te rele anvan Sèvis Imigrasyon ak Natiralizasyon Etazini
(U.S. Immigration and Naturalization Service)] ki montre kondisyon
imigrasyon ou genyen ak si ou kalifye pou travay pandan ou nan Etazini.
Ou dwe aplike pou yon nimewo
Sekirite Sosyal ak yon kat ki soti nan Administrasyon Sekirite Sosyal
la (Social Security Administration).
Jeneralman wap bezwen omwen
de dokiman ki pwouve ansanm:
• Laj ou;
• Idantite ou;
• Kondisyon Imigrasyon ou
(Dokiman DHS); ak
• Kalifikasyon ou pou travay
(dokiman DHS).
Remake: Dèfwa nou
sèvi ak yon dokiman pou de bagay. Pa egzanp, paspò ou ka sèvi kòm
prèv laj ou ak idantite ou, oswa dokiman DHS ou yo ka sèvi kòm prèv
idantite ou ak kondisyon legal imigrasyon ou. Men, ou dwe genyen
omwen de
dokiman separe.
Kouman pou mwen aplike pou
yon nimewo ak yon kat Sekirite Sosyal?
Li gratis pou ou aplike
pou yon nimewo ak yon kat Sekirite Sosyal. Lè ou aplike pou yon
nimewo Sekirite Sosyal, nan yon biwo Sekirite Sosyal, ou dwe ranpli
Fòm SS-5, ki rele Aplikasyon pou yon Kat Sekirite Sosyal (Application
for a Social Security Card), epi bay dokiman ki nesesè yo. Tout
dokiman yo dwe orijinal oswa kopi ke ajans ki bay dokiman an sètifye.
Nou paka aksepte fotokopi oswa kopi ki notarye. Men kèk egzanp dokiman
ou dwe pote:
Laj: jeneralman akdenesans
se pi bon dokiman ki pwouve laj. Ou dwe pote li si ou genyen li
oswa si ou ka jwenn li fasil. Si ou pa kapab, ou ka sèvi ak lòt
dokiman tankou paspò ou oswa yon dokiman DHS bay pou pwouve laj
ou.
Idantite: Nou dwe wè yon
lòt dokiman apade akdenesans ou a ki montre non ou vle ki pou parèt
sou kat Sekirite Sosyal ou a. Nou ta pito ou montre yon dokiman
ki pa fèt twò lontan ki gen foto sou li, tankou yon dokiman DHS
bay.
Kondisyon Imigrasyon: Nou
bezwen wè dokiman DHS I-94 Dosye Arive/Depa (DHS document I-94,
Arrival/Departure Record), ke yo ba ou lè ou te antre nan
Etazini ki montre ke kondisyon imigran ou legal.
Kalifikasyon pou travay:
Pou travayè etranje yo, nou bezwen wè I-94 Dosye Arive/Depa ou la
(I-94, Arrival/Departure Record). Epi, si ou se yon vizitè
anechanj (exchange visitor), ou dwe bay IAP-66, oswa DS-2019, Sètifika
ou Kalifye pou Kondisyon Vizitè Anechanj DS-2019, [Certificate
of Eligibility for Exchange Visitor (J-l) Status]. (Si ou nan
Etazini kòm elèv ki ap etidye oswa kòm yon vizitè entènasyonal,
ou pral bezwen gen lèt original moun kap sipòte ou la ki make ke
ou gen pèmisyon pou travay).
Konbyen tan li pral pran
pou mwen gen yon nimewo Sekirite Sosyal?
Nou dwe verifye dokiman ou
ak DHS anvan nou ba ou yon nimewo Sekirite Sosyal. Nou pral ba ou
yon nimewo ak yon kat Sekirite Sosyal nan de jou apre nou resevwa
verifikasyon nan men DHS. Anpil fwa, ou ka verifye dokiman ou yo
rapid ak DHS sou entènèt DHS. Si ou paka verifye dokiman ou sou
entènèt, li ka pran DHS plizyè semenn oswa mwa pou reponn demann
ou a. Nap travay di ak DHS pou redwi reta sa yo.
Èske mwen bezwen gen nimewo
mwen an anvan mwen kòmanse travay?
Nou pa oblije ou pou genyen
yon nimewo Sekirite Sosyal anvan ou kòmanse travay, men Biwo Taks
la ki rele, Internal Revenue Service oblije patwon yo pou yo repòte
salè yo ak nimewo Sekirite Sosyal la.Pandan wap tann ou resevwa
nimewo Sekirite Sosyal ou a, patwon ou la ka sèvi ak yon lèt nou,
ki di ke ou aplike pou yon nimewo.
Social Security Administration
SSA Publication No. 05-10107HC
(Haitian-Creole)
April 2003
Foreign Workers and Social
Security Numbers (Haitian Creole)
www.ssa.gov
www.socialsecurity.gov