Health

KANSÈ NAN POSTAT

Èske w kapab konnen kilès nan moun yo ki gen kansè nan postat?

PYES MOUN PA KONNEN!!!

Lè li fèk ap kòmanse, kansè nan postat pa gen klaksòn.

Chak ane, nan peyi Etatzini sèlman

doktè jwenn 140,000 nouvo ka!

Chak anè, kansè na postat pran lavi 40,000 gason!

Lè yon moun gen kansè nan postat depi kèk tan, men sa li ka santi:

- Li gen difikilte pou l pipi

- Li gen pwoblèm seksyèl

Sizoka w ta vin wè siy sa yo, kouri ale wè doktè

KI MOUN KI KA PI VIT GEN KANSÈ NAN POSTAT?

- Gason ki depase laj 40 an

- Gason ki maje anpil grès

Men kèk ekzanp manje ki plen grès:

Griyo

Kabrit

Manje ki fri nan bè oswa nan luil

GASON KI MANJE ANPIL GRÈS GEN 2 FWA PLIS CHANS VIN GEN KANSÈ NAN POSTAT

Menm si yo ta fèk dekouvri w gen kansè nan postat, pran kouraj! Ou pa poukont ou.

Si yo detekte, kansè nan postat bonè, gen anpil chans pou yo trete l oubyen pou yo kontwole l.

ALE WÈ DOKTÈ EPI, SUIV KONSÈY NOU BA W YO.

SI YO DETEKTE YON KANSÈ NAN POSTAT BONÈ, GEN MWAYEN JWENN GERIZON

Tout gason dwe suiv konsèy sa yo:

- Chak ane, al kay doktè fè yon konsiltasyon pou kansè nan postat.

- Chak ane, fè yon analiz san ki rele “PSA” pou postat. Analiz sa a pèmèt yo detekte lè yon moun soufri kansè nan postat

- Manje mwens grès

- Manje pi plis legim vèt

- Manje plis tomat kuit ak plis pat tomat.

SONJE, PI BONÈ YO DETEKTE KANSÈ NAN POSTAT LA, PLIS CHANS OU GENYEN POU SOVE LAVI W

The Haitian American Association Against Cancer

225 NE 34 Street, Suite 208, Miami. Fl /T 305-572-1825

 

Back to Main Page