KOMISYON ETA FLORID SOU RAPÒ ANT MOUN AK MOUN
NOU KA PWOTEJE MOUN KONT DISKRIMINASYON LALWA PA TOLERE
Yo te mete Komisyon Eta Florid sou rapò moun ak moun sou pye pou yo te ka detekte epi elimine diskriminasyon nan anplawaye moun pou travay, nan lwe kay, nan klib prive epi nan otèl ak lòt kote moun desann epi nan kote yo sèvi manje.
Komisyon sa a, se pouvwa lejislatif Eta Florid la ki te mete l sou pye depi 1969. Li gen 12 manm ladan li. Se Gouvènè Eta Florid la ki chwazi moun sa yo epi Sena a apwouve yo.
FCHR se yon gwoup administratè ki pa nan patipri, ki la pou fè envestigasyon epi tou yo pran yon seri desizyon. Yo pa la ni pou yo defann kòz ni pou yo reprezante kit se moun k ap pote plent lan kit moun y ap pote plent kont li a. Sa ki konsène FCHR se fè bon envestigasyon sou plent moun pote pou diskriminasyon yo kab fè kont yo.
SÈVIS RELASYON KOMINOTÈ COMMUNITY REALTIONS SERVICES (CSR)
CRS ede gouvènman federal la, gouvènman chak eta yo ak minisipalite yo ansanm ak òganizasyon prive ak òganizasyon piblik yo. CSR ede yo evite tansyon ki egziste ant diferan ras epi redui pwoblèm diskriminasyon ak pwoblèm ant diferan gwoup etnik. CSR ede yo rezoud pwoblèm vyolans ak manifestasyon ki ka lakòz dega. CSR ede moun mete tèt yo ansanm pou yo ka antann yo olye pou yo fè vyolans oswa pou yo al nan tribinal.
LWA ETA FLORID GARANTI DWA SIVIL TOUT MOUN
Lwa Eta Florid pa pèmèt fòm diskriminasyon sa yo:
ANPLWAYEMOUN - sou baz ras, koulè po, relijyon, sou baz si l se fi oubyen li se gason, sou baz nasyonalite, laj, oubyen si li domaje oubyen si li pa domaje, sou baz li marye oubyen li pa marye.
AFÈ KAY - si yon moun vann kay, lwe kay, finanse kay, evalye pri kay, oswa fè reklam pou kay ki baze sou zafè ras, koulè po, relijyon, oswa si yon moun se fi oubyen gason, sou baz nasyonalite, laj, oubyen si yon moun domaje oubyen sou sitiyasyon familyal yon moun (fanmi ki gen timoun ki poko gen 18 an, fi ki ansent, epi moun ki gen timoun ki gen mwens pase 18 an sou reskonsablite yo) ouswa ankouraje moun blan vann kay yo vit paske nwa ap vin ret nan zòn nan, tou sa se bagay ki ilegal.
OTÈL AK RESTORAN - diskriminasyon sou baz ras, koulè po, relijyon, oswa si yon moun se fi ou gason, sou baz nasyonalite, laj, oubyen si yon moun domaje oubyen si li marye ou pa.
Evalye yon aplikasyon pou yon moun vin MANM NAN YON KLIB PRIVE, sou baz ras, koulè po, relijyon, oswa si yon moun se fi ou gason, sou baz nasyonalite, oubyen si moun nan depase 21 an, oubyen si yon moun domaje oubyen si l marye.
Si nou ta pran revanj kont MOUN KI VIN POTE PLENT nan biwo a pou ka diskriminasyon.
KILÈS KI KA POTE PLENT KONT DISKRIMINASYON?
SOU KESYON TRAVAY:
Nenpòt moun k ap chèche travay nan leta oubyen nan sektè prive kalifye pou li pote plent kont diskriminasyon, si li panse yo diskrimine kont li. Fò kote a gen omwen15 anplwaye oubyen plis pase sa pandan yon sèten peryòd. Fòk moun nan pote plent pa pi ta pase ennan apre diskriminasyon li di yo fè l la fin fèt.
FCHR ap travay kòtakòt ak biwo federal ki fè menm travay avè l la, Komisyon peyi Etazini pou Opòtinite pou tout moun nan zafè travay [U.S. Equal Employment Opportunity Commission] (EEOC).
AFÈ KAY:
Moun ki panse yo te diskrimine kont yo lè yo tap chèche lwe yon kay oubyen achte yon kay, ta dwe kontakte komisyon an (FCHR) pou yo detèmine si yo kalifye tout bon pou yo pote yon plent dapre sa yo rele Florida Fair Housing Act (Dekrè nan Eta Florid pou trete moun egal ego nan zafè kay). Moun nan ta dwe pote plent lan ofisyèlman pa pi ta pase ennan apre diskriminasyon li di yo fè l la fin fèt.
FCHR ap travay kòtakòt ak biwo federal ki fè menm travay avè l la, depatman peyi Etazini pou zafè kay ak devlopman iben [U.S. Department of Housing and Urban Development (HUD).
SÈVIS KI ALADISPOZISYON TOUT MOUN
Moun ki panse yo diskrimine kont yo nan chèche yon chanm otèl oswa nan resevwa yo nan yon restoran, ta dwe kontakte komisyon an pou yo konnnen si yo kalifye pou yo pote yo plent.
SA K PASE LÈ YON MOUN POTE YON PLENT?
Si FCHR detèmine se li ki gen otorizasyon pou li tranche kesyon an dapre plent yon moun pote pou diskriminasyon yo fè kont li nan kesyon travay, kesyon kay, nan kesyon desann nan otèl oubyen nan kesyon manje nan restoran, FCHR ap asepte pou mennen yon envestigasyon. FCHR fè moun ki pote plent lan konnen dwa li ak devwa li lè yo resevwa plent lan ofisyèlman epi pandan y ap pousuiv ka a.
Yo ka voye ka a nan abitraj. Abitraj la se yon fason pou yo rezoud kesyon vit vit san yo pa “bay okenn moun tò”, anvan yo antre nan envestigasyon ki long. Se yon posede ki san patipri, ki la pou li ede toulede kan yo. FCHR analize ka a epi rive jwenn yon antant ki satisfè tou de pati ki an kòz yo. Si 2 pati yo pa rive jwenn yon antant, lè sa a FCHR va mennen yon envestigasyon.
Lè envestigasyon an fini, moun k ap envestige a fè yon rekòmandasyon. Lè sa a direktè komisyon an detèmine si gen ase prèv pou di si te gen yon diskriminasyon ki te fèt. Lè komisyon an ap fè moun ki an diskisyon yo konnen ki sa li detèmine, l ap tou di kouman li wè kesyon an ta dwe tranche dapre lalwa. Sa ka mande yon jijman devan komisyon an nan Divizyon pou jijman administratif [Division of Administrative Hearings] (DOAH) oubyen yon jijman nan tribinal de pè.
JAN PWOBLÈM YO REZOUD NAN ZAFÉ TRAVAY
Men ki jan yo ka rezoud pwoblèm diskriminasyon ki fèt nan zafè travay: Remèt moun travay yo, remèt moun salè yo pèdi, konpansasyon, ogmantasyon, tout frè avoka (pou tribinal) ak dedomajman kòm pinisyon ki ka rive jis nan $100,000.
NAN ZAFÉ KAY
Men ki jan yo ka rezoud pwoblèm diskriminasyon nan zafè kay: Fè moun peye amann, entèdiksyon, konpansasyon, dedomajman kòm pinisyon, frè lajistis ak frè avoka.
MEN KOUMAN POU W KONTAKTE KOMISYON AN POU W POTE PLENT KONT DISKRIMINASYON
Tout plent ou genyen pou diskriminasyon nan travay oubyen nan zafè kay, fòk ou pote plent pou yo pa pi ta pase ennan apre zak la fin fèt.
Telefòn Nou: (850) 488-7082 / Nimewo Telefòn Gratis Nou: (Pou moun ki vle pote plent sèlman) 1-800-342-8170
Moun ki gen pwpblèm pale ak tande: Sèvis relè nan Florid la
TDD ASCII (800) 955-1339 / TDD Baudot (800) 955-8771 / Telefòn (800) 955-8770
Pa Lapòs: Florida Commission on Human Relations
2009 Apalachee Parkeay / Suite 100 / Tallahassee, Florida 32303-4149